Trust la pou Finanse 143 Pwogram Apre Lekòl ak Annete Pandan Plis Pase 5 ane

Trust la pou Finanse 143 Pwogram Apre Lekòl ak Annete Pandan Plis Pase 5 ane

Aksè elaji nan pwogram kalite siperyè ap disponib pou 36,000 timoun

Byento, timoun Konte Miami-Dade yo pral gen plis aksè ak pwogram elaji kalite siperyè apre lekòl ak kan dete, grasa yon angajman finansman istorik The Children's Trust. Trust la te apwouve yon yon bèl montan ki se $76.6 milyon dola pou finanse bon jan kalite pwogram apre lekòl ak kan dete pou timoun ak jèn nan Miami-Dade nan pwochen ane fiskal la. Pandan senk ane kap vini yo, envestisman sa gendwa rive jiska $380 milyon epi li reprezante yon nivo rekò nan finansman pou inisyativ Devlopman Trust pou jèn nan 20 ane istwa Trust la.

Plis pase 36,000 timoun ak jèn ki gen laj lekòl, pral benefisye finansman an dirèkteman, nan 143 pwogram nan 682 zòn pwogram yo – yon ekspansyon 41 pousan nan zòn priyorite tankou Liberty City, Overtown, Little Haiti, Little Havana, West Coconut Grove, ak Florida City/Homestead ak lòt ankò.

Konsèy Administrasyon Trust la te apwouve rekòmandasyon finansman yo nan dat 17 avril, apre yon evalyasyon senkan, bezwen kominote a ak pwosesis planifikasyon finansman ki te enkli opinyon fanmi yo, founisè yo ak moun ki gen enterè yo nan sa. Nan lide pou pwogram yo kapab kontinye resevwa finansman apre premye ane a, yo dwe kontinye satisfè nòm obligatwa yo pou asire ke yo ap sèvi moun ki nan bezwen yo jan sa dwe fèt la.

Pami sila yo ki te resevwa finansman, nou te gen Belafonte TACOLCY Center nan Liberty City. “Gade ase finansman enpòtan anpil pou nou menm ak lòt founisè yo pou nou kontinye bay sèvis nan kominote nou yo nan Miami. Ansanm, nou kapab asire ke chak timoun gen aksè a yon anviwonman ki an sekirite, ki bay sipò e ki enteresan ki fasilite devlopman akademik ak pèsonèl yo." Daprè deklarasyon PDG Belafonte TACOLCY a, Shownda Pagan. 

Plizyè nan pwogram ki finanse yo gen ladan tou yon konsantrasyon patikilye sou ede adolesan ki abandone oswa ki dekonekte ak lekòl oswa travay, ak moun ki patisipe nan byennèt timoun yo oswa sistèm jistis jivenil yo. Objektif la se bay lidè demen yo pouvwa pou yo vin yon moun k ap fè siksè, ki byen devlope e ki pare pou yo fè fas ak nenpòt defi ki vin sou wout yo.

Prezidan ak Direktè Jeneral Children's Trust James Haj te mete aksan sou enpòtans envestisman an, li di, "Finansman pou pwogram sa yo pral ede konble diferans ki genyen nan reyalizasyon yo epi asire timoun ak adolesan yo gen yon kote ki an sekirite epi ki enteresan pou jwe, grandi, ak aprann apre lekòl ak pandan ete a. An menm tan, pwogram sa yo retire anpil chaj sou tèt paran k ap travay yo.” 

Envestisman senk ane a pral ofri asistans akademik, byennèt sosyal ak emosyonèl, sipò sante fizik ak mantal, ak anviwònman sipèvize pou asire sekirite tout patisipan yo. Pwogram yo pral angaje elèv yo nan aktivite ki ogmante prezans nan lekòl, amelyore pèfòmans akademik, diminye konpòtman ki riske, epi anpeche pèt aprantisaj pandan ete. Yo pral ofri tou opòtinite anrichisman ki gen rapò ak STEM, boza, pwogram kiltirèl, angajman sivik, espò, ak sipò apre lekòl segondè ki gen rapò ak travay, karyè, antreprenarya, ladrès lavi, ak preparasyon pou kolèj.

Tout pwogram apre lekòl ak an ete Trust finanse yo ap anrichisan, aksesib, abòdab, enklizif, epi akomode timoun ak jèn ki gen andikap yo. 143 founisè sèvis ki finanse yo varye ant òganizasyon de baz ak katye ki konsantre sou kominote yo rive nan antite minisipal ak inivèsite.