Trust Book Club Redemare ak Objektif pou Genyen 60 mil Manm

Trust Book Club Redemare ak Objektif pou Genyen 60 mil Manm

Chak mwa, yon liv gratis ap rive atavè lapòs pou chak timoun Miami-Dade depi nesans yo jiska 5 lane. L ap gen gid lekti ak aktivite kap ede paran yo jwi lekti ak pitit yo. Se sa The Children’s Trust Book Club ofri paran kòm yon fason pou devlope ladrès alfabetizasyon nan yon jann ki amizan ak enteresan.

Depi komansman Klib Lekti an pandan lane 2015, li vin agrandi an 2020. Apre yon pòz, enskripsyon yo te rekòmanse nan fen ane pase akòz anpil demann. Objektif nou se anrejistre 60,000 timoun Miami-Dade. Kounye an, gen plis pase 42,000 epi depi 2020 nou te distribye.plis pase 1.6 milyon liv.

Liv klib lekti yo ede timoun devlope ladrès lekti bonè pou prepare yo pou lekòl e pou yo pran anpil plezi ak fanmi yo! Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust James R. Haj di, “Nou kontan anpil pou nou prezante Children's Trust Book Club ki revitalize. Sa make yon etap enpòtan nan efò nou pou ekipe ak prepare chak timoun pou kòmanse klas matènèl ak siksè.

"Devouman fèm pou alfabetizasyon bonè souliye angajman kontinyèl nou pou prepare tout timoun nan Konte Miami-Dade pou gen siksè edikasyonèl."
Pou enskri w nan The Children’s Trust Book Club, voye tèks “READ” nan 786.460.CLUB (2592) oswa vizite TheChildrensTrust.org/BookClub.