Trust al Rankontre Patnè li yo nan Hialeah Pou Evenman

Trust al Rankontre Patnè li yo nan Hialeah Pou Evenman "Walking One Stop"

Anplwaye Trust  ak founisè yo al de pòt an pòt pou bay enfòmasyon ak resous. Regilyèman li pi difisil pou jwenn anpil timoun ak fanmi ki plis bezwen asistans.  Kit akòz mank konsyans, ensekirite lojman, gwo pousantaj krim nan katye oswa lòt faktè sosyal ak fizik. Moun sa yo vreman pa gen avantaj nan chèche resous ki ta ka ede anrichi lavi yo ak jere sitiyasyon difisil.

Sa se youn nan rezon ki fè Wayne Rawlins devlope modèl Walking One Stop la pou bay èd nan Komi note ki nan bezwen yo.  Se poutèt sa The Children's Trust al asosye ak Rawlins pandan kòmansman mwa Desanm pou òganize premye Walking One Stop nan Hialeah.

Evènman an te fèt 3 Desanm nan Benny Babcock Park. Te gen plizyè patnè ak òganizasyon ki tap bay anpil resous lokal, leta ak federal dirèk nan chak pòt rezidan katye ki nan bezwen yo.  The Trust ansanm ak lòt founisè li finanse yo te mete tant nan pak la, epi yo ale pòt-an-pòt, pou distribye materyèl ak rasanble kèk enfòmasyon sou okipan kay la, epi fè efò pou konekte fanmi sa a ak sèvis yo bezwen.

Evènman sa a te pèmèt distribition materyèl enfòmatif sou divès kalite sèvis The Trust ak lòt òganizasyon ofri.  Li reyisi ede sansibilize manm kominote yo sou disponiblite sèvis ak sipò pou adrese bezwen yo ak ankouraje yon konpreyansyon pi pwofon sou sèvis rezidan sa yo bezwen pou amelyore lavi.

Esteban Bovo, majistra Hialeah, te patisipe nan evènman an epi apiye efò pou jwenn resous bay moun ki pi nan bezwen.  Li di Telemundo "Gen anpil nouvo fanmi isit Ozetazini k ap adapte yo ak rèv Ameriken an kidonk se yon opòtinite pou pataje enfòmasyon sou diferan pwogram ki ka ede yo.” 

Rezidan Loarni Sanchez te parèt byen bonè nan pak la ak pitit fi li pou pwofite jwenn sèvis Inite Mobil UHealth Pediatric Trust finanse ki tap bay vaksen gratis.

Vitia Acosta, 33 lane, gen yon ane edmi nan Miami, men li pat ka jwenn travay.  Se te yon defi pou li te jwenn sipò pou li ak pitit gason 3 zan l.  Nan Walking One Stop la, li te chita ak anplwaye yon lòt patnè Trust la, Career Source South Florida, ki ede l amelyore rezime l, montre konpetans li ak jan pou l konpòte l nan entèvyou travay.

Walking One Stop Hialeah se yon lòt egzanp ki montre jan The Trust rive pran kontak ak kominote li sèvi yo pou pote resous, sèvis ak enfòmasyon bay moun ki bezwen l.  Pwogram Trust finanse ap opere nan tout konte a epi nan Hialeah gen 55 lokal ak pwogram edikasyon bonè ki rele Thrive by 5, 30 lokal ak pwogram pou devlopman lajenès, 14 klinik HealthConnect, 12 lokal ak pwogram pou paran ak 6 lokal enskripsyon pou benefis sosyal.

Pou jwenn pwogram Trust finanse nan katye w la, Tcheke TheChildrensTrust.org/Find-A-Program.