The Children’s Trust Asiste Fanmi Ki Nan Bezwen

The Children’s Trust Asiste Fanmi Ki Nan Bezwen

Enskripsyon Pou Benefis Piblik ak inisyativ FNSP pou bay asistans

Done resansman ki pi resan montre prèske mwatye nan timoun Miami-Dade abite nan kay ki gen pòvte oswa ki gen revni fèb, osinon nan fanmi ki gen yon sèl paran kote nivo povrete a pi wo nan zòn sa yo. Anpil fanmi sa yo kalifye pou benefis, tankou asistans nitrisyonèl , lojman, asirans, benefis enèji kay, pwogram apre lekòl ak ete ki pa koute chè ou gratis, elatriye. Menm si sa, anpil nan moun ki nan bezwen pa pwofite de resous yo paske yo pa konn de yo, ou fanmi an pa konn li byen, baryè lang, sitiyasyon imigrasyon, twòp papye pou regle, oswa lòt obstak. 

Nan efò pou fè moun nan bezwen konnen resous ki disponib, The Children's Trust ap bay òganizasyon lokal kominotè yo responsabilite pou yo senplifye pwosesis enskripsyon nan asistans benefis piblik pou fanmi ki gen timoun, ki fè fas ak difikilte ekonomik jwenn èd yo bezwen. Pandan 5 ane k ap vini yo, The Trust pral dedye prèske $8 milyon kap fè pati Inisyativ Enskripsyon nan Benefis Piblik pou adrese bezwen ijan fanmi Miami-Dade ki gen defi ekonomik.

Nèf òganizasyon patnè lokal ki konn obstak ki anpeche fanmi jwenn èd yo bezwen pral asosye ak The Trust pou konble espas ki genyen nan enskripsyon pou benefis piblik ak finansman estratejik pou òganizasyon kominotè. Ak sipò The Trust la, òganizasyon yo pral chèche bay fanmi yo èd ki nesesè. Yo pral ofri asistans enskripsyon endividyèl, bay sipò kontinyèl pou renouvèlman ak resètifikasyon, epi asire benefis elijib yo ret konstan pou kèk tan. 

Òganizasyon yo non sèlman pral fè efò pou fè fanmi yo konnen sa ki egziste, an menm tan kontwole aktivman pwogrè chak aplikasyon pou asire pwosesis apwobasyon an ap dewoule san pwoblèm. Yo prevwa inisyativ la pral fasilite enskripsyon anyèl 3,000 fanmi nan divès pwogram benefis piblik.

James R. Haj, prezidan & CEO nan Children's Trust te di "Ak finansman adisyonèl sa a, The Trust rekonèt fanmi yo ap fè fas a anpil obstak pou jwenn aksè a sèvis esansyèl nan kominote nou an. Nou angaje nou  pou asire chak fanmi gen aksè ekitab a sèvis ki fèt pou byennèt tout timoun ak fanmi nan Konte Miami-Dade. Pandan bezwen kominote nou an ap kontinye evolye, pi gwo priyorite nou se pou reponn aktivman ak efikasite a chanjman sa yo.” 

Inisyativ sa a vin apre inisyativ Family and Neighborhood Support Partnerships (FNSP) ki te resevwa finansman adisyonèl ane pase. Ekip FNSP konpose ak òganizasyon asosye ki fòme ak anplwaye jesyon, sèvis klinik ak sèvis dirèk, parapwofesyonèl, kowòdonatè swen, ak antrenè siksè ki gide fanmi yo atravè sistèm konplèks, epi konekte yo ak resous esansyèl tankou transpò ak asistans lojman a kout tèm.

Inisyativ FNSP jwe yon wòl enpòtan nan bay sipò dirèk pou timoun ak fanmi ki gen defi, epi entansyon l se ofri sipò konplè ak endividyalize pou timoun, lajenès ak fanmi k ap fè fas ak defi ki afekte sante yo epi anpeche dewoulman potansyèl sosyal, edikatif, ak ekonomik yo. FNSP vle ankouraje eksperyans pozitif timoun, ranfòse relasyon fanmi ak lajenès, epi satisfè bezwen debaz fanmi yo ak rereyisit ki bay pi bon rezilta. 

Haj te di “Kounye a plis pase tout tan, nou pran angajman pou ede estabilize fanmi nan Miami-Dade yo. Lè fanmi yon timoun jwenn bezwen debaz li yo satisfè, timoun nan gen plis chans gen lasante, kontantman, ak siksè.” Pou plis enfòmasyon Tcheke TheChildrensTrust.org.