Premye Nouvo Mini Teren Foutbòl Ouvè Anba Lavil nan Miami;  Gen Anpil lòt ki Dèyè.

Nouvo Mini Teren Foutbòl Ouvè Anba Lavil nan Miami; Gen Anpil lòt Toujou

Just Ball League Play Kòmanse an Oktòb

Nan mwa Oktòb, premye mini teren foutbòl ki te bati nan Sid Eta Florid nan kad Miami-Dade Soccer Initiative, te louvri pòt li yo pou Just Ball League la ak finansman The Children’s Trust pa Centro Mater Foundation.

Teren foutbòl la ak pwogramasyon foutbòl gratis ki patwone pa Trust la ki pral òganize sou li yo fè pati yon pwojè anbisye ki pral devlope 50 nouvo teren foutbòl nan zòn ki pa gen anpil sèvis nan kominote a pou amelyore sante ak byennèt omwen 36,000 timoun apati de lane 2030.

Tout mini teren yo planifye pou yo fonksyone apati de 2026, menm ane ak final koup di mond foutbòl FIFA a, kote l ap gen pou fèt nan Amerik di Nò, ki gen ladan  match k ap vin jwe nan Miami. Fanmi yo te renmen mizik, manje yo, epi tou, jèn yo te kontan jwe sou nouvo mini teren an nan.

Jwe foutbòl ak fè pati yon ekip bay yon pakèt avantaj. Foutbòl an patikilye gen kapasite pou ini katye yo ansanm epi ede jèn jwè yo devlope ladrès sosyal enpòtan ki pral sèvi yo antanke granmoun, pandan y ap ede yo evite sitiyasyon negatif lè yo rete poukont yo san direksyon.

Mini teren yo pral òganize Just Ball League ki gratis epi ki ofri lig nan katye ki pa gen ase sèvis yo. Sa deja pran pye nan vil Nouyòk ak Los Angeles, Just Ball League yo pral jwe nan mini teren Miami-Dade yo. Anplis de amelyore konpetans foutbòl patisipan yo, lig la ede kreye yon sistèm sipò kominotè kote antrenè-mentors, ke yo rekonèt kòm "playmakers," ame ak fòmasyon ki amelyore kapasite yo pou adrese bezwen sosyal, emosyonèl, ak sante jèn yo, pral jwe yon wòl esansyèl.

Ansanm ak lokal Centro Mater , yon lòt mini teren louvri nan Everglades Village nan Homestead e plizyè lòt tou prè pou fini. Enpak Just Ball League yo deja ap bay rezilta e montre potansyèl inisyativ la nan Sid Florid. Swasannkenz pousan nan patisipan jèn yo rapòte sa amelyore entèraksyon yo ak lòt moun, angajman nan travay ann ekip, yon sans de apatenans, ak yon dezi pou kontinye pratike espò.

Nouvo inisyativ sa a chita sou relasyon ki egziste ant Trust la ak US Soccer Foundation , ki te fè patenarya nan pwogram Soccer for success  depi 2017. Plizyè milye timoun te kapab fè egzèsis ak pran plezi nan kad pwogram sa a, e 90 pousan rapòte pi bon atitid anvè lekòl ak devwa, pi bon relasyon ak kamarad ak pwofesè, ak plis konfyans nan tèt yo apre yo fin patisipe.

Pou jwenn yon lokal Just Ball League toupre w, vizite USsoccerfoundation.org/map/.