An Fevriye Trust la Pral Anonse Pwogram “Innovation Fund”

An Fevriye Trust la Pral Anonse Pwogram “Innovation Fund”

The Children's Trust angaje l pou l envesti nan pwogram ak sèvis ki baze sou prèv ki demontre yon enpak pozitif sou byennèt timoun ak fanmi. Men, se pa tout pwoblèm rezidan Konte Miami-Dade yo ap fè fas ki ka rezoud ak pwogram oswa sèvis ki egziste deja. Gen kèk defi ki nouvo, oswa ki pa ko idantifye jisk kounye an, e gen lòt yo konnen ki pa ko adrese ak pwogram sa yo.

Se poutèt sa The Children’s Trust envesti nan Innovation Fund li a, yon pwogram sibvansyon pou ide ak konsepsyon pwogram orijinal ki adrese bezwen kominotè ki egziste deja e ki pa te janm an fonksyon nan kominote nou.

Pou ane sa a, pral gen yon Envitasyon pou Negosye (ITN angle) ki pral ofri $1,000,000 pou finanse plizyè antite, ki parèt ak ide e konsepsyon pwogram nèf pou pwochen seri pwojè Innovation Fund lan. Pwogram sibvansyon an pral parèt an Fevriye e se efò pi resan The Trust pou soutni nouvo lide ki ka gen yon gwo enpak nan kominote an.

Innovation Fund lan soutni mete an prèv lide orijinal, estrateji, metòd ak patenarya ki pa te janm an fonksyon anvan nan kominote Miami-Dade pou ankouraje opòtinite efikas ak ekitab pou fè  popilasyon timoun ak anpil bezwen pwospere. Objektif Inovasyon an se amelyore aktivite byenèt kominotè ki egziste deja, ankouraje kolaborasyon, ak dirabilite pwojè ki gen siksè, idantifye pwoblèm, devlope solisyon potansyèl ak mete estrateji an prèv.

Inovasyon dirije kwasans epi kontribye nan devlopman solisyon pou defi ekonomik ak sosyal ki pèsistan. Menm si pwogram ki baze sou prèv bay rezilta lè yo aplike korèkteman, ap toujou gen bezwen pou inovasyon ki baze sou pratik pou idantifye ak adrese nouvo pwoblèm sosyal, oswa k ap evolye.

Nan mwa Oktòb 2022, sik inovasyon anvan an te kòmanse ak 17 kontra. Te gen ladan yo, pwojè Miami Diaper Ban, yon depo mobil ki rele Mobile Diaper, yon pwogram Adrienne Arsht Center for the Performing Arts pou ogmante atizay ak ankouraje sante mantal atravè yon aplikasyon mobil, e yon Endèks Egalite Ant Sèks. Pwogram sa yo deja fè yon diferans rezoud pwoblèm yo te vle enpakte, e anpil nan yo ap vanse ak plan ekspansyon alontèm.

Pou aprann plis sou pwogram sa yo, klike sou The Trust’s Annual Report 2022-2023 nan TheChildrensTrust.org/About-Us epi chèche “Innovation Fund”. Pou jwenn plis enfòmasyon sou lansman Fon Inovasyon k ap vini an, tcheke TheChildrensTrust.org/Grants.